Click Here For
FREE Security Systems Special ![]()
changer a’: Spanish or English
Elèv k ap Anpeche Krim Fèt
Si ou gen yon soupsyon (TIP), tanpri rele 1.800.458.TIPS (8477) oswa
YO P AP BAY NON W!
$500 Rekonpans
Pou pèmèt yo repran zam
Èske ou se yon elèv nan rejyon Palm Beach ki vle bay enfòmasyon ou genyen sou aktivite kriminèl? Èske ou pè pou yo pa pran w pou yon "denonsè", yon "rat", yon "enfòmatè"? Èske ou vle di yon bagay konsènan aktivite "Gang" oswa yon moun ki gen zam, epi ou pa konnen ak kilès pou w pale? Sèlman rele nimewo pou anpeche krim nan epi pa gen moun k ap konn kilès ou ye.
KÒMAN POU W RELE POU BAY SOUPSON W
1. Rele liy soupsyon “TIP” la nan nimewo: 1-800-458-TIPS (8477)
2.
PA BAY NON OU. Di se yon elèv ki rele a.
3.
Bay enfòmasyon sou nenpòt aktivite krim andedan lekòl la, sou lakou lekòl la, oswa nan kominote a. Yo kapab poze ou kèk kesyon men yo P AP mande pou ou bay non ou.
4.
N ap ba ou yon nimewo sekrè ak konsiy sou lè pou w rele bak pou kab konnen si yo avanse nan dosye a. Ou responsab pou w sonje nimewo sekrè sa a. Se sèl koneksyon ou genyen pou ka sa a.
5. Si enfòmasyon ou te bay la pwodui siksè, y ap ba ou lòt konsiy sou kijan ou kapab jwenn rekonpans lan
Liy apèl pou anpeche krim nan pa itilize sistèm pou idantifye moun ki rele a, *69, oswa nenpòt lòt aparèy pou idantifye moun ki rele a. Depi 1994, liy apèl pou elèv k ap anpeche krim nan resevwa plis pase 2000 apèl. Apèl sa yo pèmèt lekòl yo rete an sekirite san okenn moun pa konnen ki elèv ki te rele a. SONJE: Pa bay non ou!
From your |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |